OFFICE OF THE SPECIAL ENVOY FOR HAITI

Press Releases   |    In the News   |    Op-Eds   |    Transcripts   |    Multimedia

Press Releases

ANALYZ MONTRE 43 POUSAN VERSEMAN TE DEBOUSE PAMI DONATE SEKTE PIBLIK YO POU REYABILITASYON AYITI



Le 19 septembre 2011- Biwo Nasyonzini pou anvwaye espesyal an Ayiti (OSE) te fè yon dènye analiz sou pwomès ki te fèt pou apre tranbleman tè aktivite pou retablisman peyi a. Yo montre te gen yon nivo dekesman de 43 pousan ki te soti de donatè sektè piblik la pou peryòd 2010-2011.

Analiz la baze sou dènye kalkul pwomès 55 donatè te fè pou piblik sektè, 31 mas 2010 pandan konferans entènasyonal donatè yo. Donatè sa yo te pwomèt 4.59 milyon dola pou aktivite retablisman an 2010 ak 2011. (chif sila pa enkli pwomès sekou dèt la ki totalize 1milyon dola).

Nan réyinyon Patnè Ayiti matin an, Prézidan Clinton té remèsye donatè yo pou ogmantasyon nan kantité débousemen yo fè déjà. Li rapelé yo enpòtans pou yo kenbé pwomès yo, pou tout kob yo té di yo ap bay Ayiti en kado. Envoyé Espésyal la té souliyé enpòtans pou fè pi gwo pati nan lajen donatè yo ap bay, pasé dwat nan enstitisyon ayisyen yo. Dépi tranbleman tè a, plis pasé $ 2 milya koulé nan fon imanitè; men sèlemen 1% de lajen sila ki té débousé, rivé jwenn Gouvènman Ayisyen. San konté, plis ké $ 1.5 milya donatè bilatéral yo té koulé pou Ayiti, mwens ke 6% lajen sila té transféré pou bay Gouvènman Ayisyen sipò pou bidjè li.

De 4.59 milyon ki te pwomèt, 1,97 milyon dola (43 pousan) deja debouse. Donatè yo pran yon angajman pou ogmante èd la ak yon sipò anplis de 2,08 bilyon dola. 1,97 milyon dola te debouse ki pase pa kat filyè:
  • 1,24 milyon dola nan sibvansyon te bay kom don pou gouvènman Ayisyen, ajans multilateral, ONG ak kontraktè prive
  • 298,1 milyon dola te pou sipòte bidjè gouvènman Ayisyen
  • 281,2 milyon dola ki te gwoupe ansam kom sibvansyon pou finansman Nasyonzini, bank Inter-Ameriken pou devlopman, Bank Mondyal atravè Fon Rekonstriksyon pou Ayiti
  • 153 milyon dola nan prè pou gouvènman Ayisyen
Donatè sa yo te fè yon lot debousman anplis pou 562,2 milyon dola pou devlopman jeneral an Ayiti, andeyò pwomès yo te fè nan konferans New York la pou rekiperasyon.

Analiz sila pa enkli fon ki te pwomèt pou aktivite sekou imanitè. Li pa enkli fon prive ke òganizasyon prive te pwomèt nan konferans donatè ki te fèt nan New York la.

POU PLIS ENFOMASYON TANPRI KONTAKTE:
Jehane Sedky
New York, +1 646.781.4107, [email protected]
www.haitispecialenvoy.org